Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KI SA BIB LA DI SOU LAVI AK LANMÒ?

Sa Bib la di sou lavi ak lanmò

Sa Bib la di sou lavi ak lanmò

Nan istwa ki pale sou kreyasyon an nan liv Jenèz la, nou aprann Bondye te di Adan, premye gason an, pawòl sa yo: “Ou mèt manje nan fwi tout pyebwa ki nan jaden an jan w vle. Men, ou pa dwe manje nan fwi pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la, paske jou w manje ladan l, w ap mouri san mank.” (Jenèz 2:16, 17). Pawòl sa yo ki byen klè e ki tou senp montre Adan pa t ap mouri si l te obeyi kòmandman Bondye te ba li a, okontrè, li t ap kontinye viv nan jaden Edenn nan.

Malerezman, olye Adan te chwazi obeyi Bondye epi viv pou toutan, li te pito dezobeyi kòmandman Bondye a e li te manje fwi Bondye te ba l lòd pou l pa manje a lè Èv, madanm li, te pote l ba li (Jenèz 3:1-6). Jis jounen jodi a, n ap peye konsekans dezobeyisans sa a. Men sa apot Pòl te esplike: “Se sa k fè, menm jan akoz yon sèl moun peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre, e konsa lanmò blayi sou tout moun paske yo tout te peche.” (Women 5:12). Pa gen dout nan sa, “sèl moun” vèsè a ap pale de li a se Adan. Men, ki peche sa a li te fè a e poukisa sa lakòz nou mouri?

Sa Adan te fè a se peche, li te fè espre li dezobeyi lwa Bondye te ba l la (1 Jan 3:4). E jan Bondye te di Adan sa, konsekans peche se lanmò. Toutotan Adan ak desandan li t apral genyen yo t ap kontinye obeyi Bondye, yo pa t ap peche e yo pa t ap janm mouri. Bondye pa t kreye lèzòm pou yo mouri, men li te kreye yo pou yo viv pou toutan.

Jan Bib la di sa, li klè lanmò “blayi sou tout moun”. Sepandan, èske gen yon bagay nan nou ki kontinye viv apre nou fin mouri? Gen anpil moun ki t ap reponn wi, yo t ap di nou gen yon bagay ki rele nanm ki pa ka mouri. Men, si se ta sa, sa t ap vle di Bondye te bay Adan manti. Sa k fè n di sa? Paske si gen yon bagay nan nou ki ta al viv yon lòt kote lè nou mouri, lanmò pa t ap konsekans peche vre, jan Bondye te fè konn sa. Men sa Bib la di: “Li enposib pou Bondye bay manti.” (Ebre 6:18). Anfèt, se Satan ki te bay manti lè l te di Èv: “Nou pap mouri pyès.” — Jenèz 3:4.

Sa fè n poze yon lòt kesyon: Si ansèyman ki fè kwè moun gen yon nanm ki pa ka mouri a se yon manti, lè yon moun mouri, ki sa k rive l toutbonvre?

BIB LA KLÈ SOU KESYON AN

Men sa liv Jenèz la ki pale sou kreyasyon an fè konnen: “Jewova Dye te vin fè lòm ak pousyè ki sot nan tè a e li te vin soufle souf lavi a nan twou nen l e lòm vin tounen yon moun ki vivan.” Mo ebre nèfèch * la lè yo tradui l, yo mete “yon moun ki vivan” pou li a vle di literalman “yon kreyati k ap respire”. — Jenèz 2:7, nòt.

Kidonk, Labib montre byen klè moun pa gen yon nanm nan yo ki pa ka mouri. Okontrè, chak moun se “yon moun ki vivan”. Se sa k fè, ou mèt chèche toutotan w kapab, ou pap janm jwenn yon kote nan Bib la yo itilize ekspresyon “nanm ki pa ka mouri” a.

Piske Bib la pa di moun gen yon nanm ki pa ka mouri, poukisa se sa anpil relijyon ap anseye? Repons kesyon sa a gen rapò ak Ejip tan lontan an.

YON FO ANSÈYMAN KI VIN GAYE TOUPATOU

Ewodòt, yon istoryen grèk nan senkyèm syèk anvan epòk nou an, te fè konnen Ejipsyen yo “te premye nasyon ki te kwè nan yon nanm ki pa ka mouri”. Babilónyen yo, yon lòt pèp ki te egziste nan tan lontan, te renmen ide ki fè kwè moun gen yon nanm ki pa ka mouri a. Distans pou Aleksann Legran te pran zòn Mwayenn Oryan an nan ane 332 anvan epòk nou an, filozòf grèk yo te gentan simaye ansèyman sa a, e byen vit ansèyman sa a te gaye nan tout Anpi grèk la.

Ou pap janm jwenn yon kote nan Bib la yo itilize ekspresyon “nanm ki pa ka mouri” a.

Nan premye syèk epòk nou an, gen de gwoup Juif anpil moun te konnen, anpalan de Esenyen yo ak Farizyen yo, ki te konn anseye moun gen yon nanm ki kontinye viv apre yo fin mouri. Men sa yon diksyonè (The Jewish Encyclopedia) fè konnen: “Ansèyman ki fè konnen yon nanm pa ka mouri a te rive jwenn Juif yo lè yo te kòmanse an kontak ak fason Grèk yo konprann kesyon an e sitou avèk rezònman Platon yo.” Epitou, Jozèf, yon istoryen juif ki t ap viv nan premye syèk la, te fè konnen ansèyman sa a pa t soti nan Ekriti sakre yo, okontrè, yo se “kwayans pitit gason Grèk yo”. Jozèf te konsidere ansèyman sa a kòm yon seri istwa moun ki te ekri yo te envante.

Tank kilti Grèk yo te kontinye ap vale teren, swadizan kretyen yo te vin aksepte ansèyman payen sa a tou. Gen yon istoryen ki rele Jona Lendering ki te di: “Rezònman Platon ki fè kwè nanm nou te yon pi bon kote yon lè, e kounye a, l ap viv nan yon monn ki kòwonpi, te fè l pi fasil pou yo melanje ansèyman Platon yo ak ansèyman kretyen yo.” Se konsa, swadizan legliz kretyen yo te vin aksepte ansèyman payen ki fè konnen moun gen yon nanm ki pa ka mouri a, e ansèyman sa a te vin gen yon plas enpòtan nan kwayans yo.

“LAVERITE AP LIBERE NOU”

Men ki avètisman apot Pòl te bay nan premye syèk la: “Pawòl Bondye enspire a di aklè, nan tan k ap vini yo, kèk moun ap abandone lafwa, y ap koute pawòl blòf ki sanble soti nan Bondye ak ansèyman demon.” (1 Timote 4:1). Se sa menm k ap fèt jodi a. Ansèyman ki fè konnen gen yon nanm ki pa ka mouri a se youn nan ansèyman ki soti nan “ansèyman demon” yo. Labib pa anseye sa, se relijyon payen ak filozofi tan lontan yo ki te vini avè l.

Men, nou vrèman kontan dèske Jezi te di: “N ap konnen laverite, e laverite ap libere nou.” (Jan 8:32). Lè nou vin gen yon konesans egzak sou verite ki nan Bib la, nou libere anba ansèyman ak pratik anpil relijyon nan monn nan ap fè pwopagann pou yo k ap fè moun gen yon move pwennvi sou Bondye. Anplis de sa, verite ki nan Pawòl Bondye a libere nou anba yon seri tradisyon ak sipèstisyon moun genyen anrapò ak lanmò. — Gade kare ki gen tit: “ Ki kote moun ki mouri yo ye?

Kreyatè nou an pa t fè lèzòm pou yo te annik viv 70 oswa 80 an sou tè a epi apre sa pou y al viv yon lòt kote pou toutan. Objektif Bondye te genyen depi okòmansman, se te pou lèzòm viv pou toutan sou tè a antanke pitit li k ap obeyi l. Bèl objektif sa a montre jan Bondye renmen lèzòm, e anyen pap anpeche l atenn objektif sa a (Malachi 3:6). Gen yon moun ki te ekri nan Sòm yo ki te di pawòl ki vin annapre yo ki bay yon bèl asirans, men sa l te di: “Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.” — Sòm 37:29.

 

^ § 9 Gen kèk tradiksyon Labib, tankou Labib Wa Jak (anglè) ak Labib Douay (anglè), yon tradiksyon katolik, ki mete “nanm vivan” pou yo tradui mo nèfèch la, alòske gen anpil tradiksyon jodi a ki mete lòt ekspresyon pou yo tradui l. Pa egzanp, Nouvo Bib anglè (anglè) mete “kreyati vivan”, Nouvo Bib entènasyonal (anglè) ak Bib Jerizalèm (fransè) mete “moun vivan” epi Bib anglè jodi a (anglè) annik mete “kòmanse viv”.