SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KI SA BONDYE PANSE SOU FIMEN?
Yon epidemi mondyal
Fimen se yon asasen ki san pitye.
-
Li touye 100 000 000 moun pandan syèk ki sot pase a.
-
Li lakòz anviwon 6 000 000 moun pèdi lavi yo chak ane.
-
An mwayèn, li touye yon moun chak sis segonn.
Pa gen okenn siy ki montre sa ap chanje.
Dapre otorite yo, si tandans ki gen kounye a pèsiste, bò ane 2030, kantite moun k ap mouri chak ane akoz yo fimen ap plis pase 8 000 000 moun. Yo fè konnen, nan fen 21yèm syèk la, ap gen 1 000 000 000 moun k ap pèdi lavi yo pou menm rezon an.
Se pa moun ki fimen yo sèlman ki viktim akoz sigarèt. Gen moun nan fanmi moun sa yo k ap soufri ni nan domèn afektif ni nan domèn ekonomik, san konte gen 600 000 moun ki pa fimen ki mouri chak ane akoz yo respire lafimen sigarèt. Anfèt, se tout moun ki viktim paske kounye a moun peye pi chè pou yo ka jwenn swen sante.
Kontrèman ak kèk lòt epidemi ki konn oblije doktè yo fè rechèch pou yo ka jwenn tretman pou yo, tretman pou flewo sa a tou la. Tout moun konn remèd la. Doktè Margaret Chan se direktris jeneral Òganizasyon mondyal lasante. Men sa l te di: “Epidemi tabak lakòz la se lèzòm sèlman ki fè l, e yo ka rezoud li si gouvènman yo ansanm ak sosyete sivil la dispoze fè efò pou sa.”
Fason kominote entènasyonal la reyaji pou l konbat pwoblèm sante sa a san parèy. Nan mwa out 2012, gen anviwon 175 peyi ki dakò pou yo pran yon seri dispozisyon pou yo diminye kantite moun k ap itilize tabak *. Sepandan, gen kèk fòs pisan ki lakòz flewo sa a kontinye gaye. Chak ane, konpayi sigarèt yo depanse plizyè milya dola pou yo fè reklam pou yo ka atire nouvo kliyan, sitou pami fi ak jèn adilt k ap viv nan peyi an devlopman yo. Etandone tabak fè moun esklav li, nou prèske sèten, pami yon milya moun ki deja pran nan pyèj sigarèt la, kantite moun k ap mouri yo ap toujou anpil. Si moun ki fimen yo pa kite vye abitid sa a, kantite moun k ap mouri yo ap ogmante pi plis toujou pandan 40 ane k ap vini yo.
Reklam konpayi sigarèt yo fè ansanm ak esklavaj sigarèt lakòz la fè anpil moun lage kò yo nan yon vye abitid yo ta renmen kite. Se yon eksperyans konsa Naoko te fè. Li te kòmanse fimen depi l te adolesan. Lè l wè jan yo pale de abitid sa a nan medya yo, sa te fè l santi li se yon pakèt afè paske l fimen. Malgre li te wè toule de paran l mouri akoz kansè poumon, li te kontinye fimen aktout li t ap leve de pitit fi li genyen. Men sa li admèt: “Mwen te enkyè pou m pa fè kansè poumon e m te pè pou sante timoun mwen yo. Men, m pa t ka kite fimen. M te panse mwen pa t ap janm kite fimen.”
Epoutan, Naoko te kite fimen. Menm sa ki te ede plizyè milyon moun libere tèt yo anba esklavaj tabak la, se sa ki te motive l pou l venk abitid sa a. Ki sa k te ede l? Tanpri, li sijè ki vin apre a.
^ § 11 Pami dispozisyon sa yo nou jwenn: Bay moun enfòmasyon sou danje ki gen nan fimen, mete restriksyon sou reklam konpayi sigarèt yo fè, ogmante taks moun peye sou sigarèt ak tabak, epi mete pwogram sou pye pou ede moun kite fimen.