Pechita siryak — Li aprann nou plis bagay sou premye tradiksyon Labib yo
Nan ane 1892, Agnes Smith Lewis ak Margaret Dunlop Gibson, ki marasa, te vwayaje sou do chamo pandan nèf jou, soti nan dezè a pou rive nan monastè St. Catherine ki nan pye mòn Sinayi. Poukisa de medam sa yo ki te fon nan karantèn yo te dakò fè yon vwayaj konsa nan yon epòk kote li te danjere anpil pou moun te vwayaje nan zòn yo te rele Oryan an? Repons kesyon sa a ka ede nou fòtifye lafwa nou nan egzaktitid Bib la genyen.
YON ti tan anvan Jezi te retounen nan syèl la, li te bay disip li yo lòd pou yo bay temwayaj sou li “nan Jerizalèm, nan tout Jide ak nan Samari, rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a”. (Travay 1:8.) Disip yo te fè travay sa a avèk zèl e avèk kouraj. Sepandan, yon ti tan apre, yo te jwenn gwo opozisyon nan Jerizalèm akoz travay predikasyon yo t ap fè a. Sa te lakòz opozan yo touye Etyèn. Anpil nan disip yo t al pran refij nan vil Antyòch ki nan Siri, youn nan vil ki te pi gwo nan Anpi women an, yon vil ki twouve l nan yon distans anviwon 550 kilomèt nan nò Jerizalèm. — Travay 11:19.
Nan Antyòch, disip yo te kontinye preche “bon nouvèl” sou Jezi a, e gen anpil moun ki pa t Juif ki te vin kwayan (Travay 11:20, 21). Byenke lang grèk se te lang ki te pi popilè nan Antyòch, men, pa deyò vil sa a ak nan pwovens li a se lang siryak moun yo te pale.
YO TRADUI BON NOUVÈL LA NAN LANG SIRYAK
Tank kantite kretyen ki pale lang siryak la t ap ogmante nan dezyèm syèk la se tank te gen bezwen pou yo tradui bon nouvèl la nan lang sa a. Kidonk, sanble se pa t an laten, men, se te nan lang siryak yo te premye tradui kèk pati nan Liv ki te ekri an grèk yo pou kretyen sa yo.
Ozanviwon ane 170 epòk nou an, gen yon ekriven siryen ki rele Tatien (ozanviwon ane 120-173 epòk nou an) ki te konbine kat Evanjil ki fè pati kanon Bib la e l te ekri ni an grèk ni nan lang siryak yon liv pifò moun rele Diatessaron, yon mo grèk ki vle di “grasa kat [Evanjil yo]”. Annapre, gen yon lòt Siryen ki rele Ephraem (ozanviwon ane 310-373 epòk nou an) ki te fè yon liv sou Diatessaron nan, konsa, li te bay prèv kretyen siryen yo an jeneral te konn sèvi avè l.
Diatessaron nan gen anpil enpòtans pou nou jodi a. Poukisa? Nan 19yèm syèk la, gen kèk biblis ki te fè konnen se nan fen dezyèm syèk la, ant ane 130 epòk nou an ak ane 170 epòk nou an yo te ekri Evanjil yo, e konsa yo pa t ka rakonte istwa lavi Jezi yon fason ki egzak. Sepandan, kèk tan apre, yo te dekouvri kèk ansyen maniskri Diatessaron ki pwouve Evanjil Matye, Mak, Lik ak Jan an te deja gaye toupatou nan mitan dezyèm syèk la. Kidonk, yo dwe te ekri yo anvan sa. Mete sou sa, piske lè Tatien t ap konpile Diatessaron nan, li pa t sèvi ak okenn nan evanjil yo rele evanjil apokrif yo nan fason li te itilize kat Evanjil yo aksepte yo, se yon prèv ki montre yo pa t konsidere evanjil apokrif yo antanke evanjil ki fyab e ki kanonik.
Nan kòmansman senkyèm syèk la, yo te konn sèvi ak yon tradiksyon Labib nan lang siryak toupatou nan nò Mezopotami. Petèt, yo te fè tradiksyon sa a nan dezyèm oswa twazyèm syèk epòk nou an, li te gen ladan l tout liv ki nan Bib la eksepte 2 Pyè, 2 Jan, 3 Jan, Jid ak Revelasyon. Yo rele l Pechita, ki vle “senp” oswa “klè”. Pechita a se youn nan liv ki pi ansyen e ki pi enpòtan ki bay prèv yo te konn distribye tèks biblik yo byen bonè nan listwa.
Yon bagay enteresan sèke gen youn nan maniskri Pechita a ki gen yon dat ki ekri ladan l ki koresponn ak ane 459 a 460 epòk nou an, sa fè li se maniskri biblik ki pi ansyen ki gen yon dat presi ladan l. Ozanviwon ane 508 epòk nou an, yo te fè yon revizyon nan Pechita a, e yo te ajoute senk liv ki te manke yo ladan l. Yo te vin rele vèsyon sa a Vèsyon Filozenyen.
YO DEKOUVRI LÒT MANISKRI SIRYAK
Jiska 19yèm syèk, prèske tout kopi Liv ki te ekri an grèk yo te konnen yo te soti nan senkyèm syèk oswa apre epòk sa a. Pou rezon sa a, biblis yo te enterese sitou nan vèsyon sa yo ki te la pi lontan anpalan de vèsyon laten ki rele Vilgat la ak Pechita siryak la. Nan epòk sa a, gen kèk moun ki te kwè Pechita a se yon ansyen vèsyon siryak yo revize. Men, moun pa t konnen okenn nan tèks sa yo. Piske orijin Bib siryak la soti nan dezyèm syèk la, vèsyon sa a t ap bay yon apèsi sou tèks ki nan Bib la jan sa te ye okòmansman, e se sèten li t ap gen anpil valè pou biblis yo! Èske te gen yon ansyen vèsyon siryak ki te egziste vre? Èske yo t ap rive jwenn li?
Anfèt, wi! Yo te jwenn de nan maniskri siryak sa yo ki gen anpil valè. Premye a se yon maniskri ki soti nan senkyèm syèk. Li te pami yon pakèt maniskri siryak British Museum te jwenn nan yon monastè ki nan dezè Nitri, ann Ejip, nan ane 1842. Yo te rele l siryak Cureton paske se William Cureton, ki te asistan moun ki te responsab maniskri yo nan mize a, ki te dekouvri l e ki te pibliye l. Dokiman enpòtan sa a gen kat Evanjil yo ladan l e yo te parèt nan lòd sa a: Matye, Mak, Jan ak Lik.
Dezyèm maniskri ki rive jwenn nou jodi a se siryak Sinayi a. Se de sè marasa nou te pale de yo nan kòmansman atik la ki te dekouvri l. Byenke Agnes pa t gen yon diplòm inivèsitè, li te aprann uit lang etranje e youn ladan yo se te siryak. Nan ane 1892, Agnes te fè yon dekouvèt remakab nan monastè St. Catherine ki ann Ejip.
Li te jwenn yon maniskri siryak nan monastè a nan yon pandri ki te fènwa. Dapre sa li rapòte, maniskri a “te efreyan paske l te sal anpil, e paj yo te prèske kole ansanm paske yo pa t pase paj yo” pandan plizyè syèk. Se te yon maniskri palenpsèst *, sa vle di se yon maniskri kote yo efase tèks orijinal la e yo ekri yon tèks siryak sou li konsènan fi ki sen yo. Sepandan, Agnes te wè kèk ekriti ki parèt pa anba ansanm ak kèk ekspresyon tankou “selon Matye”, “selon Mak”, oswa “selon Lik” ki te nan kòmansman paj la. Se yon kodèks siryak ki te gen kat Evanjil yo prèske okonplè ki te nan men l! Kounye a, biblis yo kwè yo te ekri kodèks sa a nan fen katriyèm syèk la.
Siryak Sinayi a se youn nan maniskri biblik ki pi enpòtan yo dekouvri ansanm ak kèk maniskri grèk tankou Kodèks Sinayitikis la ak Kodèks Vatikan an. Kounye a, pifò moun admèt ni maniskri Cureton an, ni maniskri Sinayi a se kopi ansyen Evanjil siryak la ki la depi nan fen dezyèm syèk la oubyen nan kòmansman twazyèm syèk la.
“PAWÒL BONDYE NOU AN LA POU TOUT TAN”
Èske maniskri sa yo ka itil moun k ap etidye Labib jodi a? Asireman! Pa egzanp, ann pran pati yo rele konklizyon long ki nan liv Mak la. Nan kèk Bib li vini apre Mak 16:8. Li parèt nan lang grèk nan Kodèks Aleksandrinis ki te egziste nan senkyèm syèk la, nan vèsyon laten yo rele Vilgat la ak nan kèk lòt vèsyon ankò. Sepandan, toule de maniskri grèk ki te egziste nan katriyèm syèk la ki pi enpòtan yo, anpalan de Kodèks Sinayitikis la ak Kodèks Vatikan an fini nan Mak 16:8. Siryak Sinayi a pa gen konklizyon long sa a tou, sa ajoute sou prèv ki montre se mete yo te mete konklizyon long nan kèk tan apre nan vèsyon ki genyen l yo, li pa nan tèks orijinal Evanjil Mak la.
Ann egzamine yon lòt egzanp. Nan 19yèm syèk la, prèske tout tradiksyon Labib yo te gen yon pawòl yo ajoute nan 1 Jan 5:7 ki se yon manti pou kore doktrin Trinite a. Sepandan, sa yo te ajoute nan vèsè a pa parèt nan maniskri grèk ki pi ansyen yo. Li pa parèt nan Pechita a tou. Donk, sa pwouve pawòl yo ajoute nan 1 Jan 5:7 la se vrèman yon manti yo te vle mete nan tèks biblik la.
Li klè, jan Jewova te pwomèt sa, li prezève Pawòl li a ki sen. Men asirans nou jwenn ladan l: “Wi, zèb la cheche, flè a fennen, Men, pawòl Bondye nou an la pou tout tan!” (Ezayi 40:8; 1 Pyè 1:25). Vèsyon yo rele Pechita a jwe yon wòl ki toupiti, men ki enpòtan nan transmèt mesaj ki nan Bib la bay tout limanite yon fason ki egzak.
^ § 15 Mo grèk palenpsèstòs la vle di “grate ankò”.